Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Pase Kontwòl Vil Hebron Bay Palestinyen yo - 2003-07-02


Fòs militè Izrayelyen yo kite vil Hebron nan sis-Jòdani e yo remèt sekirite vil la nan men Pouvwa Palestinyen an. Polisye palestinyen retounen nan lari vil Bethlehem mèkredi, kèk moman aprè troup izrayelyen yo te abandonen vil la.

Chanjman sa a sanble se yon lòt kout pouss pou plan lapè entènasyonal pou rejyon Mwayen Oryan an. Dimanch pase, otorite izrayelyen yo te remèt kontwòl sekirite tèritwa Gaza a bay palestinyen yo.

Gras ak pwogrè sa a nan aplikasyon pran lapè a, Etazini rekòmanse bay Pouvwa Palestinyen an èd dirèk; Washington bay Pouvwa Palestinyen an yon asistans 30 milyon dola pou ede’l rebati enfrastrikti ki te sibi dega pandan entèvansyon militè Izrayèl la.

XS
SM
MD
LG