Accessibility links

Breaking News

Fòs Militè Ameriken yo nan Irak di yo Pa Responsab Eksplozyon Moske Fallujah a - 2003-07-02


Kòmandman Santral Ameriken an nan Irak anonse ankèt sou eksplozyon yon moske nan Fallujah, lendi pase a, fè kwè zòt t’ap aprann moun kouman yo kapab fabrike bonm nan lokal la.

Popilasyon Fallujah a rann fòs militè ameriken yo responsab eksplozyon an ki touye 3 moun pou pi piti e blese apeprè 10 lòt. Pami viktim yo genyen yon responsab relijyeu ak divès etidyan ki tap aprann teoloji. Kòmandman Santral la fè konnen ankèt yo te mennen ak fòs polis Fallujah a endike militè Koalisyon an pa responsab eksplozyon an.

Yon lòt kote, nan Baghdad, responsab militè ameriken yo anonse sòlda ki te blese nan atak sou yon konvwa militè madi a trepase.Omwens 22 sòlda ameriken mouri pandan mwa me ki sòt pase a nan Irak.

XS
SM
MD
LG