Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Gouvènman Ayisyen an Akize Opozisyon an pou Vyolans Nan Plato Santral la - 2003-07-02


Nan peyi Dayiti, nan moman kòmantè kontinye ap fèt sou kriz k’ ap frape Polis Nasyonal la, gouvènman Lavalas la ap miltipliye akizasyon kont opozisyon an, pa egzanp pou vag vyolans k’ ap frape rejyon Plato Santral la. Nimewo 2 nan Ministè Enteryè a, Bel Angelot, deklare se “bra ame opozisyon an” k’ ap komèt zak vyolans sa yo, kote yo menase, e menm touye patizan Lavalas ak òm dafè ki resevwa patizan Lavalas lakay yo. Korespondan nou Rotchild François, Junior di nou yon lidè opozisyon an, ansyen Senatè Serge Gilles, rejte akizasyon sa yo ak tout fòs.

XS
SM
MD
LG