Accessibility links

Breaking News

Poko Gen Espwa Pou Yon Solisyon Pou Kriz Ayiti a - 2003-07-01


Kriz peyi Dayiti a pa pi pre yon solusyon jounen jodi a, malgre enstalasyon yon nouvo chèf polis. Se opinyon prèske tout analis, 3 jou apre Madam Jocelyne Pierre (yon Juj nan Tribunal Civil Pòtoprens) ranplase Jean-Robert Faveur ki demisyone e pran egzil. Òganizasyon Eta Ameriken pa kritike nominasyon Mèt Pierre la, sepandan Misyon Spesyal OEA a ann Ayiti siyale ke konsultasyon ant li menm ak gouvènman an pat’ ko fini lè li te aprann yo nonmen Chèf Polis la. Reyaksyon yo ap kontinye: sou yon bò Lavalas defann chwa a, tandiske, sou yon lòt bò, opozisyon an ap kritike l. Pou kouvètu Dosye sa a, nou gen 2 korespondan: Yves Mompremier ki nan Kap-Ayisyen, ak Rotchild François, Junior, ki nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG