Accessibility links

Breaking News

Washington, D.C.: Ex-Direktè PNH la Pran Lapawòl Nan Kapital Federal Ameriken an - 2003-06-27


Pwojè Ayiti-Demokrasi (Haiti Democracy Project), yon òganizasyon ki baze nan Washington, DC, te prezante ex-direktè Polis Nasyonal Ayiti a, Jean-Robert Faveur, vandredi 27 jen an. Plizyè jounalis ayisyen ak etranje te sou plas nan Brookings Institution, san konte reprezantan òganizasyon dwa moun tankou Amnesty International, epi manm kominote Ayisyen-Ameriken ki nan kapital federal Etazini an. Apre Msye Faveur te ekspoze tout pwoblèm ki te lakòz li demisyone 21 Jen pase a epi pran egzil, li te reponn kesyon jounalis London Times, Miami Herald, VOA, elatriye. Chérubin Dorcil te mande l’ eksprime santiman li, pou fason ayisyen kou etranje akeyi demisyon li a.

XS
SM
MD
LG