Accessibility links

Breaking News

Fòs Ameriken Yo Kontinye Ap Sibi Atak Nan Iraq: 2 Sòlda Mouri e 9 Lòt Blese Jedi - 2003-06-26


2 sòlda ameriken mouri e 9 lòt blese nan 2 atak diferan kont fòs militè ameriken yo nan Irak. Kòmandman Santral Etazini an fè konnen ensidan sa a rive lè eleman ennmi te ouvè kout zam jedi sou yon inite Fòs Operasyon Espesyal yo.

Yon sòlda mouri e 8 lòt blese nan atak la.Yon lòt kote,yon militè pèdi lavi’l e yon lòt blese nan yon atak ak grenad tou prè vil Baghdad. Antretan, yon eksplozyon sote yon veyikil ameriken ki tap transpòte kèk elektrisyen irakyen; eksplozyon sa a touye yon moun e blese omwen yon lòt. Dènye atak sa yo fèt nan moman otorite ameriken yo fè konnen yap chèche 2 sòlda ki disparèt depi mèkredi.

XS
SM
MD
LG