Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Mande Pou Direktè Polis Nasyonal Ann Ekzil la Vinn Jije - 2003-06-25


Dosye demisyon Direktè Polis Nasyonal Ayiti a, Jean-Robert Faveur, toujou ap domine aktyalite a, non sèlman an’ Ayiti, men nan Karayib la tou. Demisyon sa a vin revele pwofondè yon kriz ki te deja egziste nan aparèy sekirite peyi Dayiti a. Prèske 3 jou aprè msye Faveur te kite peyi a pou yon destinasyon enkoni, Gouvènman Lavalas la finalman bay reyaksyon ni e li mande pou msye Faveur retounen vin rann kont devan lajustis, daprè sa korespondan nou Renan Toussaint di nou depi Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG