Accessibility links

Breaking News

Yon Jounal Ameriken Ekri Pou di Saddam Sòti Vivan nan Lagè Irak la - 2003-06-20


Daprè jounal New York Times, analis nan sèvis espyonaj ameriken yo kwè kounyeya ke Saddam Hussein te sòti vivan nan lagè Irak la e li kache yon kote andedan peyi a. Jounal la di analis yo baze opinyon sa a sou kominikasyon kèk patizan ansyen lidè a, ke yo entèsepte. Otorite ameriken yo deklare enfòmasyon sa a vin renouvle efò k ap fèt pou yo met men sou Saddam ak 2 pitit-gason n yo. Pandansetan, fòs kowalisyon an nan Irak sibi yon lòt atak --fwa sa a nan Fallujah, yon ansyen basyon Saddam. Yè swa, 2 sòlda te blese lè enkoni te lanse yon grenad sou yon santral elektrik. Semèn sa a, gen omwen 3 ameriken ki mouri anba bal nan peyi Irak.

XS
SM
MD
LG