Accessibility links

Breaking News

An Ewòp, yon Lòt Sitwayen Iranyen Mete Dife sou Tèt li - 2003-06-20


Yon nouvo sitawyen iranyen mete dife sou pwòp tèt li vandredi devan lokal anbasad Lafrans la nan vil Lond, pou li pwoteste kont operasyon sere-boulon otorite franse yo ap mennen kont yon gwoup opozisyon iranyen yo akize kòmkwa li ta gen lyen avèk teworis. Lapolis di eleman sa a, ki entène lopital, twouve li nan yon kondisyon grav. Ensidan an rive apre yon seri aksyon menm jan an ki te dewoule nan kapital plizyè lòt peyi ewopeyen. Moun ki manifeste jodiya ap pwoteste kont vag arestasyon an mas otorite franse yo fè sou tètritwa franse a; responsab franse yo arete apeprè 160 ekzile iranyen ki fè pati mouvman “Moudjayedin Pèp Iranyen an”. Gwoup sa a se yon gwoup k ap lite kont gouvènman islamik Iran an. Lèzetazini ak Inyon Ewòp la mete mouvman sa a sou lis gwoup teworis yo. Yon gwo responsab franse lanse akizasyon pou di gwoup la t ap prepare kèk atak kont misyon diplomatik Iran genyen sou kontinan ewopeyen an.

XS
SM
MD
LG