Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Colin Powell Di Hamas Se Ennmi Lapè - 2003-06-20


Sekretè deta ameriken an, Colin Powell, fè konnen Hamas ak lòt gwoup militan palestinyen yo pa fèt pou jwenn chans pou yo bloke pwosesis lapè a ak peyi Izrayèl. Pandan misye Powell t ap bay yon konferans pou laprès ansanm avèk premye minis izrayelyen an, Ariel Sharon, li deklare Hamas kontinye montre li se yon ennmi lapè, avèk zak teworis l ap poze yo. Gwoup Hamas la reklame responsablite pou yon atak ak bal ki fèt vandredi tou prè yon pèpleman jwif ki nan Si-Jòdani e ki touye yon izrayelyen, tandiske li blese 3 moun ---2 ladan yo se sitwayen ameriken. Aprè sa, misye Powell te fè chita-tande tou nan vil Jeriko, nan Si-Jòdani, avèk premye minis palestinyen an, Mahmoud Abbas.

XS
SM
MD
LG