Accessibility links

Breaking News

Responsab Enèji Atomik Nasyon Zuni yo Di Iran Pa Respekte Akò Enspeksyon Nikleyè yo - 2003-06-18


Ajans Enèji Atomik Nasyon Zuni an ap fè deba sou yon rapò ki endike Iran pat respekte kòmsadwa akò enspeksyon nikleyè yo nan moman bri ap kouri pou di Teheran ap chèche posede zam nikleyè. Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA) kapab kondane Teheran poutèt li pa respekte akò a e’l ka mande pou Teheran pèmèt yon rejim enspeksyon pi sevè e san preyavi nan enstalasyon nikleyè li yo. Lèzetazuni akuze Iran dèske lap fabrike zam atomik an sekrè e’l vle pou AEEA a adopte yon rezolusyon sevè kont Iran daprèzavwa li pa vle siyen yon akò enspeksyon avèk Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la.

XS
SM
MD
LG