Accessibility links

Breaking News

Kèk Iranyen Mete Dife Sou yo an Frans Pou Pwoteste Kont Yon Operasyon Lapolis - 2003-06-18


3 disidan iranyen mete dife sou yo yè nan vil Paris pou pwoteste kont operasyon sere-boulon lapolis peyi Lafrans mennen kont yon gwoup opozisyon iranyen yo akize ki gen lyen avèk teworism. Nouvèl yo depaman sou sò youn nan manifestan yo. Otorite fransè yo te fè konnen anvan gen yon fanm ki mouri apre’l te mete difè sou tèt li pandan manifestasyon an.Men nouvèl ki parèt nan medya yo ki site sous lapolis ak sous lopital yo fè konnen dam nan pa mouri men li nan yon eta grav.

Yon dezyèm fi ak yon mesye ta nan yon kondisyon kritik tou aprè yo te mete dife sou yo. Manifestan yo tap pwoteste kont yon vag arestasyon otorite yo ap fè depi madi nan peyi La France, kote yo arete apeprè 160 ekzile--manm gwoup Moudjayedinn Pèp la-- yon mouvman disidan iranyen. Gwoup sa a ap lite kont gouvènman ki sou pouvwa a nan Teheran an e, juska dènyèman la a, li tap opere prensipalman andeyò Iran.

XS
SM
MD
LG