Accessibility links

Breaking News

Nasyon Sidès Azyatik yo Mande Birmani Libere Lidè Pwo Demokrasi a, AUNG SAN SUU KYI - 2003-06-18


Prensipal fowòm sekirite nan rejyon Azi a lanse apèl bay jent militè Birmani a pou li libere lidè pwo demokrasi birman an, AUNG SAN SUU KYI. Asosyasyon Nasyon Sidès Azyatik-la (ANSEA) lanse apèl sa a nan yon komunike komen li publiye nan fen reunyon li fè chak ane nan rejyon an e ki tap dewoule ane sa a nan vil Pnom Penh, kapital Kambòdj. AUNG SAN SUU KYI anba men otorite militè yo depi 2 semèn, apre yon afwontman ki te mete bab pou bab sipòtè li yo ak patizan gouvènman militè Birman an.

XS
SM
MD
LG