Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann: 'Moute' - 2003-06-17


Gen yon seri mo nou rankontre souvan nan kreyòl ayisyen an e nan chak fraz, nan chak kontèks, yo gen yon sans diferan. Nou ka site desann, monte ou moute. Sèten moun di monte, gen lòt menm ki di moute. Pa gen pwoblèm!

Pa ekzanp, nan situasyon lavi chè nap viv jounen jodi a, mwen pap sezi tande nan bouch anpil manman pitit mamit mayi moulen, mamit diri, mamit pwa a moute. Sa vle di machann ogmante pri mamit la e sa fè’l vinn pi chè. Kidonk, tout moun se mare vant, manje moute!

Nou kapab tou kwaze yon kanmarad nan lari e mande’l kote’l prale, pa sezi (menm si li rete nan vil Pòtoprens) tande’l di ou lap desann lavi’l.Li kapab di ou tou lap monte Kafou ou lap monte Petion-Ville.

Koze monte Kafou a, mwen pa kache di nou mwen gen yon ti pwoblèm pou’m konprann li. Men pou’m sensè avèk nou tou, mwen pa konnen si se monte ou si se desann nou desann Kafou. Na deside sa’k bon an.

Gen zòt ki di ya’p moute Laplenn.Ditan Laplenn te Laplenn, (Plaine du cul-de sac) nou te rele li: le grenier de Port-au-Prince, Galata a. Alèkile, Galata a se kay li donnen ! Kòmkwa nou ka manje kay ak beton, mezanmi.E kounye a nap plenyen banann chè, fig ra, manje moute. Nèg monte laplenn al bati, manje moute! Manje moute se la“hausse des prix, l’augmentation des prix des produits de consommation courante, des produits de base, de première nécessité”.

Alèkilè, nèg oblije desann lavi’l pou y’al dèyè danre yo te konn jwenn alagouj, a gran lijyèn Laplenn.

Se lòt la ki te gen rezon: bagay yo gaye! yo devan-dèyè, lanvè-landrèt. Douvan pòt tounen la sal, la sal tounen douvan pòt. Se grav paske nèg d’Ayiti konnen lakay se sèl drapo ki moute e ki redesann. Non, sa’m di a pa finn jis paske prezidan moute e desann tou e...menm remoute !

Men nan tout moute desann sa a, nèg menm an boulvès ! Maladi moute chwal pou’l antre, men li sòti a pye.

Oh, oh! apa Jacquelin Belizaire di’m “li pa gen soulye po patat, pou’l moute gouvènman, pou’l monte Opalè ! Men mon ami ou pa bezwen monte Opalè ! Dayè pou’w ale laba a, se pa yon soulye po patat pou’w genyen... se yon soulye monte...e ou se levanjil. Donk, bliye sa!

An an, ou di’m “kouman mwen menm m’te fè monte laba a, lè’m te ale Ayiti an 99 la?

Enben, fòk ou konn la pou al la... Mwen te gen yon boutèy monte, mon frère... yon boutèy m’te fè monte tout ekspre pou-mwen (sètadi fè prepare). Wi, yon boutèy pou’m pa pran nan kou monte, pou zòt pa monte konplo kont mwen.Nan kultur ayisyen an, yon boutèy monte, se yon boutèy ki gen pouvwa majik ki ka pwoteje ou kont move bagay”.

Bon ou wè, kout plim pou segman Kreyòl Pale jodi a, se yon kout plim ki sòti nan yon ponyèt monte !ou pat konn sa, pa vre? Wa’p mande si se posib...enben sonje pwovèb la di ou “se zorèy ti nèg ki piti, men zafè nèg pa janm piti”. Si ou pat konn sa, mwen di ou li. Kounye a ti lami, pa cheche’m... pa fè sòt ou kontre ak pa mwen pou’m pa tire ou yon kout pwen ak ponyèt monte’m nan.

Pa mande’m sa sa vle di: Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann !

XS
SM
MD
LG