Accessibility links

Breaking News

<b>Negosyasyon Lapè Pou Rejyon Mwayen Oryan an Pa Debouche Sou Yon Trèv</b> - 2003-06-16


Medyatè ejipsyen ki tap ede izrayèl ak palestinyen yo jwenn yon seselfe, mete fen nan 2 jou chita tande ak militan palestinyen Hamas yo san yo pa anonse yon antant. Yon lidè group Hamas la fè yon deklarasyon jodi lendi a aprè rankont yo, kote l di yon trèv pa posib toutotan Izrayèl kontinye ap lanse atak kont lidè Hamas yo. Izrayèl, bò kote pa l, fè konnen fòs militè l yo pral kontinye atake Hamas, jiskaske gwoup sa a suspann atake Izrayèl. Pandanstan, premye minis palestinyen an Mahmoud Abbas rive nan Gaza byen ta aprè midi a e li genyen pou l fè chita tande ak lidè plizyè faksyon palestinyen.

XS
SM
MD
LG