Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Lanse 2 Atak ki Touye yon Manm Gwoup Militan Palestinyen Hamas - 2003-06-13


Elikoptè konba izrayelyen touye yon militan gwoup Hamas nan Gaza aprè nouvèl yo te di premye minis izrayelyen an, Ariel Sharon, te pase lòd pou lame a elimine gwoup militan palestinyen an. Kèk sous medikal palestinyen fè konnen plis pase 22 moun blese vandredi nan atak yo; pami yo 7 ti moun pou pi piti, lè elikoptè konba izrayelyen te tire misil sou yon otomobil.

Lame izrayèl la di pasaje nan machinn nan tap prepare yon atak ak wokèt sou yon vilaj izrayelyen nan Gaza. Depi kòmansman semèn nan Izrayèl ogmante atak li kont dirijan Hamas yo ansanm ak manm zèl militè gwoup sa a.Atak jodi a se 7tyèm atak ak misil Eta Juif la lanse kont militan mouvman palestinyen an.

Responsab Hamas yo sèmante yap tire revanj e yo deklare “kounye a chak Izrayelyen se yon sib”. Dènye zak vyolans ant izrayelyen ak palestinyen yo mete kantite viktim yo nan plis pase 50 mò pou semèn sa a.

XS
SM
MD
LG