Accessibility links

Breaking News

Lènmi Desann yon Elikoptè Ameriken nan Lwès Peyi Irak - 2003-06-12


Lèzetazuni pèdi jedi yon elikoptè konba nan wès Irak nan moman fòs amerikèn yo ap sere boulon gwoup yo kwè ki responsab yon seri atak kap fèt depi kèk tan kont sòlda ameriken yo. Kòmandman Santral Ameriken an di “sanble elikoptè a (yon aparèy APACHE) tonbe anba kout zam lènmi. Kòmandman Santral la presize fòs kowalisyon an pat pèdi tan pou’l rekupere 2 manm ekipaj la ki blese, epi “sécurisé” sit kote elikoptè a tonbe a. Ensidan sa a rive nan moman kowalisyon an ap mennen yon kokenn operasyon kont patizan Pati Baas irakyen an, gwoup paramilitè yo e kont lòt eleman ak zam yo konsidere ki fidèl toujou anvè lidè dechouke irakyen an, Saddam Hussein. Sivil irakyen yo, bò kote pa yo, denonse operasyon militè ameriken an kòm yon kanpay “eksesif”, paske sòlda yo ap menote fanm ak ti moun.

XS
SM
MD
LG