Accessibility links

Breaking News

Ti Koze Sou Aktyalite: Jounen Nasyonal Timoun - 2003-06-07


Chak dezyèm Dimanch mwa jen, anpil aktivite dewoule nan peyi d'Ayiti pou komemore Jounen Nasyonal Timoun. Jou sa a trennen dèyè l yon pakèt istwa tankou nou di l nan komansman pwogram nan. Nan okazyon sa a Jacquelin Belizaire te rankontre ak kèk responsab òganizasyon byenfezans kap travay pou amelyore kondisyon la vi timoun nan peyi d'Ayiti.

Jacquelin genyen 3 envite: Miguel Jean-Baptiste ki se responsab e fondatè "Foyer Maurice Sixto" ki travay ak ti restavèk e lot timoun an difikilte; Jacques Jeanty kap dirije nan Kap-Ayisyen (dezyèm vil peyi-a)" Centre Des Fouineurs Sans Frontières" (sant sa a mete anfaz sou skolarizasyon timounn nan la ri, akeyi sèten timounn ki nan pwoblèm, e li fè pwomosyon tou pou respè dwa timounn); e Antoine Pierre ki se ko-òdonatè "Centre d'Action pour le Developpement"(CAD) kap fonksyone nan kapital ayisyèn nan, Potoprens (Sant sa a nan aktivite devlopman genyen yon seksyon pou timounn.)

XS
SM
MD
LG