Accessibility links

Sant Teknoloji Adapte pou Andikape - 2003-06-06


Revolisyon enfòmatik la fè lavi a vin pi fasil pou anpil moun. Men pou sila yo ki gen yon andikap fizik kèlkonk, computer (oubyen òdinatè) se plis pase yon zouti pratik, se prèske yon mirak.

Anpil inivèsite ap mete teknoloji espesyal aladispozisyon etidyan ak pwofesè ki andikape yo, pou asiste yo nan etid yo ak karyè pwofesyonèl yo. Sou campus Indiana University, nan Bloomington, Indiana, kòlèg nou Adam Schwartz te obsève yon jenn gason sou yon òdinatè. Pou pwoteje idantite etidyan yo, nou chanje non yo nan tèks sa a. Etidyan sa a pat’ ap gade ekran computer a, ki te fonse menm jan ak linèt solèy nan je l yo. Bò kote li, yon jèn dam te panche sou klavye l, yon baton avèg bò pye l. Manmzèl pat’ ap gade ekran pa l la nonplis, ki te gen sou li yon seri ranje lèt an Braille, yon seri ti pwen nwa sou yon fon blan. Tou 2 avèg. Nan Sant Teknoloji Adapte Inivèsite Indiana-a, andikap tankou pa wè nan je, pa wè twò byen, pwoblèm mouvman, pa bay twòp mal-tèt gras ak Teknoloji enfòmatik.

Margaret Londergan, k’ap pale la a, di gras ak teknoloji-a yo rive chanje lavi moun, youn pa youn, pezape. Margaret Londergran te kreye ATC (Sant Teknoloji Adapte pou Andikape yo) an 1999, lè li te reyalize ke pami etidyan ki andikape yo anpil pat okouran gen aparèy ak pwogram òdinatè ki te ka ede-yo. Li te panse kreye yon sant nan inivèsite-a pou pèmèt etidyan sa yo jwenn zouti k’ap ede yo reyisi sou plan akademik.

Li di, “Mwen te chwazi jan de travay sa a paske mwen kwè nan posiblite chak moun, e lè nou ofri yo teknoloji ki adapte ak sitiyasyon yo, nou ba yo plis chans pou yo eksplwate posiblite sa yo epi reyalize objektif yo.

Lè nou pale de teknoloji adapte, oubyen teknoloji adaptasyon, sa nou vle di se òdinatè ak pwogram òdinatè ki fabrike espesyalman pou moun ki andikape. Sant Indiana University-a gen divès kalte lojisyèl (kidonk pwogram enfòmatik) ki gen non anglè tou dwòl tankou Jaws, Zoomtext, Dragon Naturally Speaking. Konsa tou, li gen aparèy nou pa abitye wè, tankou yon klavye ki mande sèlman yon senp ti touche ak pwent dwèt-nou, ak yon sourit (ti boul ki anba men-nou-an) youn ki mache ak pye olye de men.

Depi sant la te louvri, deja gen de mil (2000) elèv ki benefisye ekipman sa yo.

Delia Thompson travay andedan yon kabin kote panno yo boure ak materyo ki anpeche bri deyò antre ladan n. Pandan interview a, li tap enprime yon liv an Braille, pou yon etidyan avèg ki soti nan peyi Kore e ki ap aprann Anglè nan yon pwogram akselere. Enprimant-la vonmi yon papye blan, ki gen plizyè ranje ti pwen, ti boul, olye de lèt alfabè-a.

Materyèl enprime, materyèl sou papye pou avèg egziste depi dik dantan, depi mitan ane 1800 yo, lè yon msye yo te rele Louis Braille te devlope yon alfabè ak ti pwen nap pale w’ yo, yon fason pou moun ka li yo ak pwent dwèt yo. Men pa gen anpil liv an Braille e sa ki la yo koute tèt nèg. Poutan, pwogrè teknoloji vin chanje reyalite sa-a. Nan yon lòt segman Syans-ak-Teknoloji, n’a wè ki jan.

XS
SM
MD
LG