Accessibility links

Breaking News

Sektè Prive Ayisyen an Pa Apwouve Apèl Kap Mande Demisyon Prezidan Ayisyen an, René Préval


Nan moman presyon ap ogmante sou Prezidan René Préval pou li remèt pouvwa a pou fasilite òganizasyon eleksyon kredib nan peyi Dayiti, yon sektè enpòtan nan vi nasyonal la deklare li pa dakò ak demach opozisyon an, sepandan li ensiste pou chèf leta ayisyen an respekte règ Konstitisyon an ak dat li fikse pou manda l' fini, swa an fevriye 2011.

Prezidan Chanm Komès ak Endistri Ayisyen an, Réginald Boulos, deklare "fòse prezidan an kite pouvwa a kounye a, se yon aksyon ki ka lage peyi a nan plis enstabilite". Misye Boulos di "mete nou nan plas donatè entènasyonal yo la ki, gen apèn yon mwa edmi, fenk sòt pran angajman pou debloke 10 milya dola pou ede rebati Ayiti apre tranblemann'tè 12 janvye a e ki wè peyi a tonbe nan yon politik dechoukaj...".

Prezidan Chanm Komès ak Endistri a la envite gouvènman an ak KEP a pran mezi pou l' travay vit-e-prese pou eleksyon dewoule ann Ayiti nan mwa novanm ane sa a e pou prezidan Préval fè yon chita-tande ak tout sektè peyi a pou diskite sou òganizasyon eleksyon yo e sou chanjman ki ta merite fèt nan konstitisyon peyi a.

Antretan, prezidan Konsèy Elektoral la, Gaillot Dorsinvil, anonse mèkredi li pral oganize eleksyon jeneral nan peyi a dènye dimanch mwad novanm nan 2010 la. Men Evans Paul, pòtpawòl Platfòm Altènativ la--yon gwoupman opozisyon ki reyini 3 fòmasyon politik: Kid, Fusion ak OPL-- fè konnen KEP a se jisteman prensipal obstak pou oganizasyon eleksyon yo.

NB: Pou devlopman 2 pwen sa yo ak lòt nouvèl sou peyi Dayiti, fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj wòb la.

XS
SM
MD
LG