Accessibility links

Breaking News

Thailand: Lame Pral Fòme Yon Kòdon Alantou Manifestan Anti-Gouvènmental yo


<!-- IMAGE -->


Nan peyi Thailand, yon pòtpawòl lame fè konnen yon gwoup solda pral fòme yon kòdon sekirite nan alantou manifestan anti-gouvenmantal ki pran pozisyon nan prensipal sant komèsyal kapital-la, Bangkok.

Kòdon sekirite sa-a --ki pral komanse opere aswè-a -- pral anpeche moun-yo antre nan yon avan-pòs ki barikade. Desizyon sa-a vini apré gouvenman Thailandè-a te anile pwojè li te genyen pou-l koupe pwovizyon manje dlo avek elektrisite manifestan-yo. Gouvenman-an anile pwojè sa-a apré rezidan yo te plenyen pou di se yo mènm ki tap subi konsekans-la plis.

XS
SM
MD
LG