Accessibility links

Breaking News

Libi: 103 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Avyon


Yon avyon peyi Libi ki te gen passajè abò li tonbe e kraze nan Kapital la, Tripoli. Bilan : 103 moun mouri ak yon sivivan.

Responsab sekirite libyen yo di avyon Afriqiyah Airways la, ki te sòti nan vil Johannesbourg, Afrik Di Sid, kraze mèkredi nan moman li tap eseye ateri nan ayewopò Tripoli a.

Aparèy la, ki se yon Airbus 330, te gen abò li 93 pasajè ak 11 man ekipaj la. Responsab sekirite yo di yon pasajè—yon ti gason—siviv nan aksidan an. Daprè nouvèl yo se yon ti Olandè 8 an.

XS
SM
MD
LG