La polis nan Nouyok relouvri yon gwo pon aprè yo fin determine ke yon gwo kamyon lokasyon ki te sou pon-an pat gen oken eksplozif ladann.
La polis di yo pa jwen oken bonm nan gwo kamyon sa-a ki te abandone sou pon Robert F. Kennedy ke yo te konnen avan kom Triborough Bridge.
Temwen fè konnen yo te wè yon nèg ki tap kouri soti nan gwo kamyon-an. Pon Robert F. Kennedy-a konekte Manhattan, Queens ak Bronx. Ensidan sa-a rive aprè yon machin pyeje te manke eklate nan Times Square nan Nouyok samdi pase.