Bank Entè-Ameriken pou Devlopman, BID, ap pare l pou l' dekese $ 80 milyon pou peyi Dayiti. Reprezantan BID la, Edouardo Almeida, di Lavwadlamerik nan mago lajan sa a $ 50 milyon pral direkteman nan bidjè leta ayisyen. $ 30 milyon kap rete a pral finanse lojman tanporè e pèmanan pou sinistre tranblemann'tè 12 Janvye a.
NB: Ale sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la pou lòt detay ak misye Almeida sou dekesman lajan sa a