Nan peyi Chili, yon tranblemann'tè ki mezire 6.4 degre frape kòt santral peyi sa a, men nouvèl yo pa rapote okenn blese ni dega materyèl.
Enstiti jeyolojik Etazini an di sant tranblemann'tè a, ki fèt yè lendi a, sitye sou yon distans 115 kilomèt ak vil Temuco, nan nòdwès Chili, e sou yon pwofondè 20.6 kilomèt anba tè. Temuco se yon vil ki osid Conception--dezyèm pi gran vil peyi Chili--e youn nan zòn ki te sibi gwo dega nan tranblemann' tè 8.8 degre ki te touye plizyè santèn kretyen-vivan nan dat 27 fevriye ane sa a.
Tranblemann' tè fevriye pase a te fè anpil dega: apeprè 2 milyon bilding te efondre, 500.000 kay kraze. Ministè finans Chili estime katastwòf sa a koute peyi a prèske $ 30 milya dola.
Tè a tranble tou dimanch ak lendi pase nan peyi Dayiti. Korespondan nou Clarens Renois rapòte pandan de fwa nan mwenske vennkatrè yon sekous sismik lage panik nan kapital la, Pòtoprens.
SVP: Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik la pou repòtaj Clarens la.
NB: Jacques Jean-Baptiste revize e korije atik sa a.
jbjacque@voanews.com