Accessibility links

Breaking News

Tantativ Atanta ak Machin Pyeje Nan Times Square, New-York


<!-- IMAGE -->

Otorite vil New-York yo ap vizyonnen anrejistreman kamera sekirite yo e ap egzaminen lòt endis pou konnen ki moun ki estasyonnen samdi swa yon veyikil boure ak ekslozif nan Times Square, yon katye anpil moun frekante nan Manhattan.

Lapolis te oblije deplase plizyè milye touris ak moun ki ta pral nan sinema ou nan teyàt nan Times Square, samdi swa, apre yon eleman kap vann mayo T-Shirt nan lari te apèsi yon otomobil dwòl e avèti lapolis.

Majistra kominal New-York la, Michael Bloomberg, di Nissan Pathfinder touteren an (se mak veyikil la) te gen abò l' twa bidon gaz pwopàn, fedatifis, de bidon gazolin ak de revèy ak tout pil. Li deklare bonm nan sanble yon travay amatè, men li te ka pran lavi anpil moun si l' te sote. Yon pòtpawòl lapolis, Paul Browne, ajoute bonm nan sanble ta pral' eklate, men li mal fonksyonnen.

Espesyalis nan afè bonm te wete touteren an nan zòn nan, e lapolis relouvri Times Square pou piblik la kèk èdtan apre. Bloomberg di otorite yo pa konnen kilès ki poze bonman ni pouki motif. Minis sekirite teritoryal Etazini an, Janet Napolitano di responsab yo konsidere ensidan an "grav anpil, e y'ap trete l' tankou yon zak teworis". Li fè konnen anketè yo ap swiv pis ak endis tankou anprent ak videyo ki ta anrejistre pandan tout samdi apre midi prezans veyikil ak moun ki te nan zòn nan.

Times Square se youn nan prensipal sant divètisman nan New-York kote moun jwenn teyàt ak restoran ki mennen plizyè milyon touris chak ane nan metwopòl nouyòkè a.
Depatman Sekirite Teritoryal Lèzetazini pa ogmante nivo alèt anti-teworis la nan peyi a apre ensidan an.

XS
SM
MD
LG