<!-- IMAGE -->
Ansyen prezidan peyi Panama a, Manuel Noriega, konparèt jou madi a devan yon jij nan vil Pari, an Frans, kote lap reponn akizasyon deske li te mele nan lavaj lajan ki te fèt nan trafik dwòg.
Ansyen jeneral Noreiga / ki genyen 76 zan / te dirije Panama ant 1981 e 1989. Li te rive nan kapital Lafrans la byen bonè jodi a, abò yon aparèy Air Frans, aprè l te kite yon prizon nan Miami, kote l te pase 17 tan pou trafik dwòg ak lòt akizasyon. Pi ta nan jounen an, jij la genyen pou l pran yon desizyon sou demann avoka akize a fè pou yo lage Noriega sou kosyon.
An Frans, akizasyon kap peze sou do Manuel Noriega sè ke nan ane 80 yo li te sèvi ak lajan dwòg pou l achte kèk apatman deliks nan vil Pari. La jistis fransè te deja jije l pa kontumas pou akizasyon sa a, men daprè lwa peyi Lafrans, misye gen dwa egzije yon lòt pwosè.