Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen Tanmen Yon Pwogram Fòmasyon, Enfòmasyon Sou Tranbleman de Tè


<!-- IMAGE -->


Otorite yo an Ayiti kòmanse depi kèk jou yon pwogram fòmasyon ak enfòmasyon pou pèmèt popilasyon an fè fas pi byen nan ka ta gen yon tranbleman-d-tè.

Otorite yo kwè edike popilasyon an kapab diminye kantite viktim yo si la tè ta tranble yon lòt fwa.

Dapre gouvènman an plis pase 250,000 moun te mouri pandan seyis 12 Janvye a san konte plizyè santèn milye lòt ki blese.

Enjenyè-Jerològ Claude Preptit, youn pami ekspè ki te avize otorite yo sou posibilite yon tranbleman-d-tè, di kounye a li enpòtan pou popilasyon an konnen sa'l dwe fè avan, pandan e aprè yon tranbleman-d-tè.

"An prensip konsiy yo konsène 3 moman diferan: se anvan tranbleman de tè a, ansuit pandan tranbleman de tè a fò'w konnen sa pou'w fè, epi apre -- se yon bagay kap dure kèlke segond -- kidonk apre kisa pou'w fè. Donk konsiy yo etabli yo sou 3 moman sa yo," misye Preptit eksplike.




XS
SM
MD
LG