Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Kendrick Meek Pase 2 Jou ann Ayiti


<!-- IMAGE -->


Depite ameriken, Kendrik Meek, ki reprezante eta Florid nan Kongrè Lèzetazini an, te nan Pòtoprens Vandredi nan kad yon vizit 2 jou nan kapital ayisyèn nan.

Palmantè a fè chita-pale ak Prezidan René Preval, Premye Minis Jean-Max Bellerive e ak Anbasadè ameriken an nan Pòtoprens, Kenneth Merthen. Misye Meek rankontre tou ak responsab USAID ak responsab Lakwawouj yo.

Pandan vizit sa a, depite Meek te vizite pwojè MEDISHARE --yon faktori kap fabrike twal--yon òfelina, yon kan ebèjeman ak yon sit kote responsab yo ap mete moun yo deplase lòt kote.

Kalandrye vizit palmantè ameriken an te prevwa tou kèk rankont ak reprezantan sosyete sivil la e sektè prive ayisyen an.

XS
SM
MD
LG