Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Irak koze lanmò 58 moun


<!-- IMAGE -->

Nan Irak, otorite yo fè konnen yon seri eksplozyon bonm ki te vize chiyitnan kapital la, Bagdad, touye 58 moun pou pi piti. Plizyè nan eksplozyon sa yo rive nan katye Sadr, yon rejyon nan Bagdad kote pi fò popilasyon an se chiyit.

Responsab sekirite yo di omwen yon machin pyeje sote toupre biwo lidè antiameriken Moqtada al-Sadr.Bilan: 25 moun mouri e plis pase 100 lòt blese. Yon lòt bonm eksploze nan yon mache.

Otorite yo di eksplozyon sa a rive vandredi e li te vize yon moske chiyit nan Bagdad. Tout zak vyolans sa yo kòmanse kèk jou aprè ofisyèl yo te anonse lanmò yon gwo lidè rezo teworis Al-Qaida nan Irak.

XS
SM
MD
LG