Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Pwotestasyon Yo Ap Kontinye Nan Taylann


<!-- IMAGE -->

Manifestan antigouvènmantal òganize jedi devan katye jeneral rejyonal l'ONU an, nan vil Bangkok, yon rasanbleman pou mande èd kominote entènasyonal la nan moman tansyon an ap monte nan kapital la ke lame ak lapolis okipe depi plizyè jou.

Plizyè santèn moun (ki te abiye ak chemiz wouj) defile pou y'al pran pozisyon devan lokal l'ONU an kote yo remèt yon lèt ofisyèl bay responsab yo pou mande òganizasyon entènasyonal la voye fòs gadyen lapè nan Taylann.

Manifestan yo fè demand sa a aprè lame te lanse avètisman pou di sa ka mal pou yo, si yo pa mete fen nan okipasyon yon sant komèsyal nan vil Bangkòk.

XS
SM
MD
LG