Accessibility links

Breaking News

Ajans Amerikèn Ki Spesyalize Nan Kesyon Sismik Demanti Bwi Ki Di Yon Lot Gwo Tranbleman Ka Frape Ayiti


<!-- IMAGE -->

Yon ajans Amerikèn ki spesyalize nan kesyon sismik (swa suveyans aktivite tankou tanbleman de tè) demanti yon pakèt rumè kap sikule nan peyi a pou di komkwa Ayiti pral viktim anko anba yon lot gwo tranbleman de tè -- e ki ka menm pi terib ke sa 12 Janvye-a.

Ajans Amerikèn pou suveyans latè, USGS, asure Ayisyen yo ke pa gen gwo menas pou tranbleman de tè frape peyi d'Ayiti nan jou kap vinn la yo.

Susan Hughes ki tap pale pou USGS nan yon konferans de près kalifye de "rumè" nouvèl kap sikile nan peyi d'Ayiti sou iminans yon tranbleman de tè.

Pou li bay asurans pap gen bagay sa a, responsab USGS la fè konnen ke antrepriz Amerikèn nan enstale 17 sismomèt -- dèz aparèy ki pou suveye mouvman latè nan pey d'Ayiti, nan zon depatman louès ak depatman sud.

"We cannot make any specific predictions of an earthquake(Nou pa gen kapasite pou'n fè prediksyon presi de kilè yon tranbleman de tè pral frape)," Madan Hughes eskplike.

Pa gen okenn enfomasyon syantifik ki kapab di kilè yon tranbleman de tè pral pase, Madan Hughes ajoute.

Teknisyèn Amerikèn nan te gen avèk li yon responsab Ayisyen, Dieuseule Anglade ki di sepandan fok toujou gen suveyans nan peyi d'Ayiti. Fok Ayisyen yo rete vijilan e fok yo konstwi selon norm sismik yo.

XS
SM
MD
LG