Accessibility links

Breaking News

Volkan nan Island Bloke Ayewopò nan Ewòp


<!-- IMAGE -->

Nan Island, pakèt sann ki soti nan volkan ki pete nan peyi sa-a entèromp vwayaj nan tout Ewop-la pandan yon dezyèm jounen. Pasajè-yo ap fè fas a pi gwo fèmtu espas ayeryen depi atak teroris 11 septanm-yo.

Ajans Kontwol trafik ayeryen “Eurocontrol” fè konnen apeprè 17 mil vol sou wout pou anile, nan moman pifo ayewopo sou kontinan ewopeyen-an rete fèmen jodi vandredi-a.Otorite-yo di enterupsyon sa-a pral kontinye jiska demen samdi-a.

Lapoloy fèmen espas ayeryen li tou Jodi-a, swa kèk jou sèlman anvan funeray nasyoinal ki pralfèt nan onè defen prezidan polonè Lech Kaczynski, ki peri nan yon aksidan avyon semèn pase.

XS
SM
MD
LG