Accessibility links

Breaking News

Sineyas Guetty Felin Ap Lite Pou l' Prezante Ayiti Sou Yon Imaj Diferan



Guetty Felin se yon Ayisyèn-Amerikèn ki pale yon kreyòl byen bòzò. Li te pran nesans ann Ayiti, men li te pati pou peyi etranje pandan li te yon ti kat-kat. Ant 4 e 9 van li t'ap viv ann Ayiti, paske paran li te kwè li te enpòtan pou'l konnen peyi a e apresye kilti li. "Ayiti se fanmi m' ", madan Felin deklare.

Guetty Felin fè etid inivèsitè li Ozetazini. Apre, li t'al viv an Frans. Ant 2003 ak 2005 li te deside retounen al viv ann Ayiti, pi presizeman nan yon vilaj pechè andeyò vil Jacmel (sidès Ayiti) ansanm ak 2 timoun ni yo paske li te vle-- menm jan paran li te fè avè'l--pou yo aprann epi apresye kilti ayisyèn nan.

"Yo pale kreyòl kou rat". "Okontrè, gen lè yo vle korije'm."

Antanke reyalizatris, Felin di li pa fasil ditou-ditou pou konvenk stidyo sinema yo pwodui yon fim sou Ayiti.

"Haïti n'est pas sexy ! Si c'était Cuba, peut-être..." se sa Felin di yon konpayi televizyon Fransèz te deklare lè li te pwopoze l' yon pwojè pou yon fim li te renmen anpil ke'l te vle reyalize. Felin di nou "pwodui a manke fèt".

Madan Felin siyale gen lòt atis tankou ekriven Russel Banks, ki te vle travay sou yon pwojè avèk Raoul Peck, ki jwenn anpil difikilte pou li fè yon fim apati liv li a. Madan Felin di seksyon finans konpayi sinema a te di misye si li transfome pèsonaj li yo (ki te Ayisyen nan liv la) an Kiben ya'p ba l' lajan pou l' fè fim nan.

Guetty Felin pa konnen si apre tranbleman de tè a move chapo sa a (an palan move imaj) ki sou tèt Ayiti a pral tonbe. Men li kwè youn nan pi gwo pwoblèm ki poze pou Ayiti se yon mank enfòmasyon sou istwa nasyon sa a nan peyi etranje.

"Moun yo pa konnen istwa nou, se tankou si nou te toujou pòv, nou te toujou sesi-sela... yo pa konnen istwa 200 zan an" Guetty fè remake.

Reyalizatris la di li kwè se responsabilite otorite ak enstitisyon ayisyen yo ak dyaspora a pou amelyore imaj moun genyen nan tèt yo sou Ayiti.

"Yon pèp ki pa ka metrize imaj li pa kapab di li endepandan," madan Felin deklare.

An 2004, madan Felin te monte yon festival sinema sou Ayiti ki te rele: Haiti On Screen (Haïti à l'écran, Ayiti Sou Ekran). Se te nan epòk bisantnè endepandans premye Repiblik Nwa a. "Sinema a, se te yon espès fenèt pou yo te ka konprann peyi a," Felin eksplike.

Yo te montre 35 fim divès reyalizatè ayisyen, etranje ak nan diaspora a fè. Li te gen anpil siksè, non sèlman pami Ayisyen kap viv Ozetazini, men tou pami etranje ki te patisipe nan festival la.

"Nan fen fim nan moun yo te leve kanpe e yo te mande nou eske nou ka pwomèt pou nou refè festival la ane pwochèn," Felin di . Sepandan, sa pat fèt akòz mank lajan.

Kounye a, Guetty Felin ap travay sou yon film ki rele "Haïti Mon Amour". Pwojè sa a, se yon long-métrage lap pwodui ansanm ak 10 reyalizatè etranje e ayisyen -- men li pat vle bay non. Fim sila a, dapre madan Felin, se pral yon seri 10 ti fim fiksyon oubyen petèt kèk dokimantè ki va jete yon nouvo kout-je (un nouveau regard) sou Ayiti.

"Sa k'ap tizonnen'm, sè ke vi nou, eksperyans nou, yo pa janm elabore sou li... nou se senp sijè sèten fim". Nou pa janm pataje imanite nou genyen an komen an ak rès mond lan," Guetty deklare. "Antanke reyalizatris, travay mwen se ede kraze baryè sa a."

XS
SM
MD
LG