Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Etazuni: Sa Pral Pran 1 An pou Iran Ka Fabrike Zam Nikleyè



Minis defans Etazuni-an, Robert Gates, fè konnen li pa atann ni aske Iran pral gen kapasite pou-l fabrike zam nikleyè pandan omwen 1 an.

Minis Gates te pale konsa an repons a yon deklarasyon yon gwo otorite nukleyè Iranyen te fè pou di Iran pral fè pati “Klub Nikleyè Mondyal-la nan yon mwa pou dekouraje tout posibilite pou yo lanse atak sou peyi-l.

Pandansetan, yè Madi-a, Iran pote plent devan Nasyonzuni pou di ke nouvo politik nikleyè Etazuni-an vyole Chart Nasyonzuni-an—politik ke l’ kalifye kòm « chantaj nikleyè ».

XS
SM
MD
LG