Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Amerikèn nan Rive Meksik Apre yon Eskal ann Ayiti



Premyè dam amerikèn nan, Michelle Obama, rive nan peyi Meksik kote li pral pase 3 jou nan kad yon vizit pou fè pwomosyon pou relasyon ant Etazini ak Meksik, 2 peyi vwazen.

Madan Obama pral rankontre premyè dam meksikèn nan Margarita Zavala de Calderon, pou diskite sou kesyon ki gen rapò ak edikasyon e ak devlopman ekonomik.

Lamezon Blanch fè konnen madan Obama pral pwofite vwayaj sa a tou pou'l pale ak jèn meksiken, meksikèn yo -- kidonk li pral rankontre elèv lekòl primè ak elèv inivèsite. Vwayaj sa a se premye kout-pye madan Obama fè kòm premyè dam nan yon peyi etranje san mari li.

Premyè dam nan gen pou l' tounen Ozetazini Jedi.

Madan Obama rive nan vil Meksiko nan fen swa madi 13 avril la apre apre vizit sanzatann nan peyi Dayiti ansanm ak Jill Biden, madan vis-prezidan ameriken Joe Biden. Gouvènman ameriken an di objektif vizit sa se souliyen angajman Lèzetazini pou l' ede Ayiti reprann li epi rekonstwi apre tranblemann'tè ki te devaste peyi a 12 Janvye pase a. Yon afè 217,000 moun te pèdi lavi yo nan katastwòf la e plis pase yon milyon lòt pa gen kay pou yo rete.

Madan Obama ak madan Biden te pran elikoptè pou yon vire-won sou tèt kapital la epi wè pakèt kay ki kraze ak site tant kote reskape yo ap viv depi trajedi a. Premyè dam amerikèn nan di daprè sa l' wè, tranblemann'tè a fè anpil dega.

2 dam yo te rankontre tou prezidan René Préval ak madanm ni, Elisabeth Delatour Préval.

Madan Obama ak madan Biden t'al vizite yon pwogram espesyal pou timoun ki rele "espas timoun" ki aprann jèn yo terapi ak "art". Gen plizyè santèn timoun kap patisipe nan pwogram sa a ki resevwa manje tou.

Vwajaj madan Obama a fèt nan moman Federasyon Lakwawouj ak Sosyete Kwasan Wouj ap ogmante jefò yo pou jwenn abri pou reskape yo anvan sezon lapli a antre anfòs nan mwa Me a.

Responsab Lakwawouj yo nan vil Jenèv di li voye abri dijans pou 80 pousan reskape yo ke yo estime ak yon milyon edmi moun. Objektif yo, se bay tout reskape yo abri anvan premye Me.

XS
SM
MD
LG