Accessibility links

Breaking News

Yon Chante Vedèt Ayisyèn Sheila Dégraff Pral Sèvi Kòm Tèm Yon Teleton


Tranblemandetè ki frape Ayiti nan kòmansman mwa janvye pase a, enspire Ayisyen tout kote pou yo patisipe, jan yo kapab, nan travay kap fèt pou remete peyi a sou 2 pye l. Se konsa, kòm patipasyon pa l nan efò rekonstriksyon an, sanba e aktris ayisyèn Sheila Dégraff ekri yon mizik kap sikile depi kèk tan deja sou entènèt la.

Avan lontan – pi presizeman nan jounen Dimanch Pak la - chèn televizyon Fox TV nan New York, pral sèvi ak mizik sa a nan yon teleton pou peyi Dayiti.

klike sou ralonj ki anlè e adwat paj wèb sa a pou koute yon entèvyou Sheila Dégraff bay Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG