Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pral Rive Jwenn Yon Seri Otobus Gras ak  Don Antiy Fransèz Yo



Sa pa gen lontan, Marilyn Sephocle yon pwofesè nan Univèsite Howard nan Washington, te vwayaje al Anayiti kote li te gen okzasyon vizite yon site tant ki sitye tou pre Anbasad Amerikèn nan nan Potoprens.

Marilyn vwayaje Anayiti poukont li men lap travay ansanm ak yon gwoup sosyo-pwofesyonel nan Matinik epi majistra vil plizyè komun nan Matinik ak la Gwadloup pou voye otobus, kamyon ak peltez ke reskape yo kapab sèvi.

Dapre Madan Sephocle, pwojè sa a ap fèt gras ak jumlaj ki egziste ant vil tankou Limbe, Leogane ak Ti Goave avèk vil sè yo nan Matinik ak Guadeloupe.

Mamzèl ajoute yo pral ekspedye otobus yo Anayiti semèn pwochèn e sa pral pran 3 jou konsa pou yo rive Anayiti.

Madan Sephocle di, moun Matinik ak Gwadloup preokupe pou fre ak se Ayisyen yo e yo ta renmen pou moun yo Anayiti konnen ke yap panse a yo e ke yo ta renmen fè sa yo kapab pou ede yo nan moman difisil sa a.

XS
SM
MD
LG