Accessibility links

Breaking News

Le Mond Ap Komemore Jounen Mondyal Tubèkiloz


Jodi 24 Mas-la se jounen mondyal tubèkiloz. Se jounen kote le mond ap komemore dekouvèt bakteri ki provoke tubèkiloz-la.

Tèm jounen mondyal tubèkiloz ane sa-a se : annou vanse pou elimine tubèkiloz. Inove pou-n akselere aksyon pou konbat maladi sa-a. Tubèkiloz se yon maladi enfektieyz ke non selman yo ka prevni-l men li ka trete tou.

Prezidan Etazuni-an, Barack Obama reafime apwi-li pou ranpote la viktwa sou tubèkiloz gras a Inisiativ Global Lasante-a. Inisyativ sa-a envesti $33 milya sou yon period 6 zan pou kore peyi patnè-yo nan efò yap deplwaye pou ameliore rezilta lasante-yo ak pou ranfose sistèm swen sante-yo.

XS
SM
MD
LG