Accessibility links

Breaking News

Manm Diaspora Ayisyen an Ap Diskite sou Rekonstruksyon Ayiti nan L'OEA


Jodi Madi 23 Mas la se klotu Forum Diaspora a kap dewoule nan katye jeneral l'OEA (Oganizasyon Eta Ameriken yo) nan Washington. Forum sa a te komanse Dimanch ki sot pase a.

Pandan 3 jou, plizyè dizèn oganizasyon nan diaspora a ak ekspè Ayisyen kap viv a l'etranje patisipe nan divès atelye kote yo travay sou konstribusyon diaspora a sou plan stratejik pou rekonstruksyon ak devlopman peyi d'Ayiti. Plan ke responsab Ayisyen yo ap gen pou yo prezante nan 2 semèn pandan konferans bayè de fon entènasyonal la ki gen pou dewoule 31 Mas nan katye jeneral Oganizasyon Nasyonzuni nan Nouyok.

Anbasadè Ayisyen nan l'OEA, Duly Brutus bay enpresyon ni sou reyunyon an.

"Sou kestyon gouvènans la, chak Ayisyen te bay opinyon yo sou koman yo wè nou kapab reoganize peyi a. Il est vrè ke Ayisyen ki deyo, depui dèz ane e ki anvi retounen lakay yo te klèman manifeste volonte pa yo pou yo rantre pou yo patisipe nan divès pwojè devlopman Anayiti," misye fè konnen.

Anbasade Brutus ajoute li kwè diaspora a ta fèt pou'l aji avèk " gran modesti".

"An 1986,n'aprann erè dèz Ayisyen de l'eksteryè lè yap antre yo te konprann yo te gen le monopol du savoir e ke lèzot Anayiti pat enpotan. Yo konprann lot moun Anayiti yo yo pa vle travay. Donk mwen di ke fo'n evite choke Ayisyen kap viv andedan peyi a -- nap antre pou'n al travay ansanm avè yo pou'n chanje imaj peyi a," misye deklare.

Youn nan ide ki prezante pandan rankont la se kreyasyon yon federasyon diaspora a. Nan fen rankont sa a ap gen yon dokiman final kap reprezante kontribusyon diaspora a nan plan stratejik rekonstruksyon ak devlopman peyi D'Ayiti.

Anbasadè Brutus di 3 reprezantan diaspora a ki pami moun ki te asiste forum L'OEA a pral prezante dokiman final la pandan konferans bayè de fon entènasyonal yo nan Nouyok, 31 Mas.

XS
SM
MD
LG