Gary Enneus Maximus ak madanm ni Nadege Etienne te vwayaje al Anayiti pou diskite ak dives responsab gouvenman an ak ONG sou plan yo genyen pou modenize Ayiti. Tranbleman de te 12 Janvye a te pran yo nan aeropo Toussaint Louverture nan Potoprens nan moman yo tapral monte nan avyon pou retounen Miami.
Mesye dam yo, ki gen yon konpayi ki rele Gana Trading di yo te pase yon pati nan apremidi an ap vizite muze - sete yon jounen nomal yo pat gen okenn presantiman ki te fe yo kwe yo tapral fe fas ak lanmo kek he pi ta.
Gary ak Nadege dekri sen nan nan ayeropo a apre tranbleman de te a te frape, destruksyon yo te we ak chemen long yo te oblije fe pou soti nan ayeropo a pou rive kote kay yo te ye a. Pi ta, yo t'al o Kap Ayisyen epi an fen Sen Domeng anvan yo te resi tounen Ozetazuni.
Mesdye dam yo kwe le fet ke yo soti vivan vle di fok yo kontinye pouse pou pi devan pou gen yon Ayiti miyo. Pami pwoje yo anvizaje gen kay ki pran eneji nan reyon soley la, van e menm dlo lanme. Yo ta renmen we konpayi etranje vinn mete faktori nan peyi a tou ki ta bay pep la travay epi bay ekonomi Ayisyenn nan yon bourad.
Semen sa a Gary ak Nadege ap asiste konferans tourism kap dewoule nan Sant Konvansyon Vil Miami a nan South Beach kote yo esepere pwomouvwa konpayi yo a ak plan yo genyen pou ede rebati peyi natif natal yo.