Accessibility links

Breaking News

Kay Leje, Bon Mache e Prèske Endestruktib Kapab Rive Jwenn Reskape Anayiti Anvan Lontan


Innovida se yon konpayi Amerikèn nan Miami ki fabrike kay ki bon mache, efikas ke prèske anyen paka detwi. 24 Fevriye pase a, reponsab Innovida yo te oganize yon konferans de près pou anonse yap fè Ayiti kado 1,000 kay pou ede reskape yo Anayiti.

"Nou pwomèt mil kay e nap distribye yo pa l'intèmedyè gwoup ki gen bezwen patikulye e nap reponn bezwen sa yo ka pa ka - e dapre demann ki egziste a," responsab InnoVida Herb Margolis eksplike.

Margolis se direktè operasyon InnoVida pou Lèzetazuni. Li ajoute ke responsab konpayi a, Claudio Osorio ansanm ak madanm ni trèz aktif nan pwojè sa a.

"Ko-Fondatè konpayi an ak madanm ni trèz aktif anski konsène pwojè sa a sitou Madan Osorio -- e yap analize bezwen ki egziste sou teren an. Neli Santamarina (direktris devlopman komèsyal konpayi a) ap travay ak ONG yo -- nou gen yon responsab kap travay ak gouvènman Ayisyen an, e Madan Osorio ap supèvize pwojè a," misye fe konnen.

Ant parantèz, Claudio Osario, ko-fondatè InnoVida se yon Venezyelyen ki fè fotun ni nan domèn odinatè ak elektronik. Lot ko-fondatè a, Andres Duany se yon achitèk ki gen renome entènasyonal e ki ranpote anpil lwanj pou katye li kreye pou vil Seaside nan eta Florid an 1980. Antanke manm fondatè kabinè achitèk ki rele DPZ la: Duany Plater-Zyberk & Company
anpil moun rekonèt misye tankou youn nan lidè mouvman yo rele "Nouvo Urbanism" e ki enfluyanse anpil, metod yo anplwaye pou konstwi fil nan peyi etranje.

Pami envestise konpayi a, nou jwenn ansyen Jeneral Lame Ameriken Wesley Clark, epi ansyen vedet basketbol Alonzo Mourning.

Malgre kèk moun ta vle konprann ke InnoVida fèk parèt sou sèn nan, anski konsène Ayiti, Konsul Jeneral Adjwen Ayisyen Alex Jospitre fè konnen gen 2 zan de sa, Prezidan Rene Preval te al vizite faktori a, ki sitye nan no vil Miami.

"Li te rankontre ak Jeb Bush [ansyen gouvene eta Florid la] ki te pale'l de InnoVida e ki te pale'l de relasyon ansyen Prezidan Bill Clinton avek InnoVida," Jospitre ekslike. "Donk de la misye te gen tan fe rechech li, jwenn enfomasyon e'l t'al we moun Innovida yo - nou te'al vizite uzin faktori a, nou te we kay yo e kounyea nou te nan pou-pale pou'n jwenn fon ed ki tap peye de ed pou Innovida te ka fe travay la. Bagay sa a te sou le tapi depi 2008 men malerezman li pat janm abouti."

InnoVida pwopoze 3 stil kay diferan pou Ayiti.

" Andres Duany travay de pre ansanm avèk nou - li se prensipal desinatè a e se limenm ki kreye pwodui pou Ayiti yo e dapre entèvyou li bay ak sa mwen tande'l di, konsèpt la pou Ayiti se pa konbyen moun men pito konbyen kabann kay la ka pran ---sa detèmine konbyen moun kay la ka pran," Margolis eksplike. "Chif li bay la se 8. Se chif sa li di kabanyon nan ka pran. Li desinen plizyè pwodui pou Ayiti paske peyi a divès mache - petèt pa mache nou ta kapab di stil lavi. Se yon desizyon nou pran e ki baze sou yon etud ke yon antwopolog nan Univèsite Miami a fè, Doktè Marceline ki se yon ekspè Ayisyen renome - e ki divize stil kay yo an 3 pati.

Youn' se pou moun ki viv nan zon rural yo," misye ajoute. "Lot la se pou moun klas mwayèn e twazyèm nan se pou moun ki viv nan zon kosmopolitèn yo seti moun ki viv nan gwo vil yo. Stil kay pou zon rural yo se yon kay de baz. Setadi moun yo pa gen tuyo ni twalet ak douch. Bagay sa yo nan lakou a. Yo kuit manje nan lakou a. Dapre sa'm konprann se konsa moun viv nan zon rural yo Anayiti. Map raple ke'm pa yon ekspè sou lavi Anayiti men se sa yo di'm. Byen antandu mwen pap konstwi menm stil kay pou Ayiti ke'm ta konstwi isit nan eta Florid, Ayisyen yo pap dako."


Konsul Jeneral Adjwen Ayisyen Alex Jospitre byen renmen kay InnoVida pwopoze pou Ayiti yo men li di gen kèk aspè kay yo ki ta merite chanje - pou konfome pi plis a kultu Ayisyen an.

"Pa egzanp ti bleu a genyen se ke kote pou moun nan al nan twalet la yo fe' pm jan avek yon sache spesyal ki fet pou sa ke'w mete nan plas twalet la epi le sache sa a ranpli kounyea moun nan femen sache a e li etudye yon jan pou'l fe deche a tounen fumye - ki enteresan -" Jospitre souliyen, "men m'di misye monche se pa tout ke'w pral bay kay sa a ki travay la te mon fre."

Met sou 1,000 kay li pral voye Anayiti yo, InnoVida gen entansyon louvri yon faktori ki ta anplwaye 250 moun -- ke yo ta antrene pou konstwi kay yo.

"Sete plan nou te genyen anvan evenman an [tranbleman de tè a]," Misye Margolis eksplike. "Nou te anvizaje louvri yon faktori Anayiti - kreye teknoloji sa a ak djob ki ale avek sa - anplwaye men d'èv lokal tou ke nou kapab antrene pou konstwi kay yo. Nou te pran angajman nan direksyon sa a anvan trajedi a. Kounyea nou gen angajman OPIC pou finansman - se yon anons nou fè nan mwad Janvye a. Nou pral envesti $15 milyon Anayiti, setadi faktori a pral gen yon vale $15 milyon dola - nap envesti yon pati nan lajan men OPIC [Overseas Private Investment Corporation] pral founi pi gwo pati lajan sa a donk se gwo zafè."

Misye Margolis patka di nou ki kote egzakteman faktori sa a pral sitye. Li di yap eseye pran yon desizyon ki va baze sou wout yo nan zon nan ak kèk lot faktè enpotan. Li di faktori a kapab komanse fonksyone nan yon afè de 6 mwa konsa.

Konsul Jeneral Adjwen Ayisyen Alex Jospitre kwè plan faktori a ta kapab yon bon bagay pou Ayiti e pou Ayisyen.

"Se trèz enpotan sa'w di a paske non selman faktori a pral anplwaye Ayisyen, men pou fe kay la se Ayisyen ki pral travay ladann paske yo pa bezwen yon men d'ev kalifye. Nempot ki moun yo di'w apre 2 3 z'ed tan training - antrenmen - nempot ki moun ka fe kay la," misye deklare.

Kanta pou pri kay yo, responsab InnoVida, Herb Margolis di pri yo baze sou mache Ayisyen an.

"Nou baze pri pwodui nou yo sou mache Ayisyen an - nou konnen konsomatè yo pa rich - malgre ke dapre sa'm tande sa koute chè pou konstwi yon kay Anayiti. Se yon bagay ki koute chè," Margolis di. "Nou kwè valè pwodui nou an koresponn ak pri a - donk nou kwè ke pri a ak pwodui a va non selman reponn demann nan men yo pap fè fayit pou achte'l non plis tou."

Men Konsul Jeneral Adjwen Ayisyen Alex Jospitre pote plis presizyon sou pri kay sa yo takapab koute senp sitwayen Ayisyen. Li di ti kay bleu a ap koute kek santen dola, e pi gwo kay la limenm va koute yon afe de ant $3,000 ak $4,000.

Misye Jospitre ajoute ke Konsul Jeneral Ayisyen an Ralph Latortue e menm Prezidan Rene Preval trèz enpresyone ak kay yo tou.

"Ralph Latortue se yon achitèk tou, fo'm di'w misye tre renmen sa'l we a, Prezidan Preval tou te tre renmen sa'l we a....donk pou mwen InnoVida m'kwe se youn nan konpayi ki montre o nivo teknoloji kisa li ka bay," Jospitre deklare.

Kidonk, eske InnoVida gen chans reyusi Anayiti? Konsul Jeneral adjwen Ayisyen Alex Jospitre di wi.

"InnoVida gen yon avni ave li - yo tre ouve - donk ann espere nap jwenn yon bon bagay pou yon ti kob," Jospitre deklare.


Si'w ta genmen gen plis detay sou kay InnoVida anvizaje pou Ayiti, ou kapab tcheke sit web li a epitou pa bliye gade - galri foto nou an pou lis imaj tout ti kay yo pwopoze pou reskape Ayisyen yo.



XS
SM
MD
LG