Analis politik Frantz-Antoine Leconte di la Vwad' Lamerik li kapab difisil pou L'ONU kenbe angajman li pran pou ede viktim tranblemann-tè yo jwenn abri, sekirite e ede rekonstrui peyi d'Ayiti.
Sepandan, li ajoute ke vizit sekretè-jeneral Nasyonzuni an fè Dimanch ann Ayiti montre bòn dispozisyon L'ONU pou'l ede Ayiti.