Accessibility links

Breaking News

Aktè Jimmy Jean Louis Mande Plis Respè Pou Atis Ayisyen Yo



Aktè Ayisyen-Ameriken Jimmy Jean Louis espere prezans lot vedèt Ameriken ak etranje va ede sansibilize kominote entènasyonal la pou yo pa lage Ayiti nan moman dirijan yo ap fè jefo pou mete peyi a rekanpe sou 2 pye'l apre devastasyon tranbleman de tè 12 Janvye a.

Jimmy Jean Louis, ki jwe nan pwogram televizyon popilè chèn televizyon Amerikèn NBC ki rele "Heroes" la, di Vwad' Lamerik objektif vizit li nan peyi natif natal li, se pwomouvwa sektè atistik la Anayiti epi mobilize vedèt yo pou yo kontinye pale de Ayiti.

"Lè ou nan 'breaking news' tout moun ap fè efo a dwat a goch men kounyea Ayiti pa nan 'breaking news' anko," akte a deklare.

Akte a vwayaje fwa sa a ansanm ak aktris Dominikèn Dania Ramirez ki jwe nan "Heroes" avè'l, epi ansyen vedèt basketbol Cliff Robinson.

"Ayiti fè'm kriye. Kè'm blese chak fwa mwen vini Ayiti," Jimmy Jean Louis deklare.

XS
SM
MD
LG