Accessibility links

Breaking News

FAO: Fok Sektè Agrikol La Jwen Plis Supo


Jacques Diouf, Direkte Oganizasyon Nasyonzuni pou Alimantasyon ak Agrikultu, FAO, fè konnen li enpotan pou desizyon pran pou ankouraje pwoduksyon lokal.

Pandan yon vizit li fè Anayiti pandan wikèn nan, Misye Diouf deklare "li enpotan pou distribye semans." Direktè FAO a di yo t'al nan Leogane kote yo te distribye zouti, angrè ak lot faktè pwoduksyon pou bay aktivite agrikol la yon bourad.

Misye Diouf di li obsève ke nan apèl global yo lanse pou Ayiti a yo resevwa sèlman 11 pousan lajan yo bezwen-an yon finansman li konsidere kom "extrèman fèb."

Direktè FAO a ajoute yo konstate yon pakèt pwoblèm ki poze pou enfrastruktu agrikol la e ki bezwen yon solusyon.

Prezidan Ayisyen an, Rene Preval bo kote pa li (ki se yon agronom), souliyen ke an 2009, malgre yon pakèt difikulte pwoduksyon agrikol la ogmante de 25 pousan. Prezidan Preval ajoute apre evalyasyon Ministè Agrikultu a te fè de sityasyon an, yo detèmine ke kultivatè yo bezwen yon afè de $8 milyon asistans pou achte semans, angrè ak lot materyo pou prepare rekolt yo.

Prezidan Preval souliyen tou ke li ta renmen pou kominote entènasyonal la suspann voye pwodui etranje antre nan peyi a e achte pito pwodui Ayisyen pou ede sektè agrikol la.

Madi, Misye Diouf pral asiste yon rankont nan Republik Dominikèn kote yo va diskite sou kestyon agrikultu a.

XS
SM
MD
LG