Accessibility links

Breaking News

Bato Lopital USNS Comfort Ap Kite Ayiti


Bato lopital ameriken USNS Comfort -- ki te rive nan peyi D'Ayiti nan dat 20 Janvye pase-a, nan kad yon misyon asisistans umanitè durjans apre tranbleman de tè 12 Janvye-a -- mete fen nan misyon li e l’ap kite Ayiti jodi Mekredi 10 Mas-la.

“Repons rapid ak kontribusyon Lèzetazuni nan efò sekou kominote entènasyonal-la, ede Ayiti sumonte yon kriz medikal ki te mande aksyon durjans, nan moman kote posiblite pou moun te jwenn swen chirurjikal te trè limite sou teren-an,” Jeneral Aviyasyon Douglas Fraser, ki se komandan komandman Sud Lèzetazuni-an, deklare.

Otorite ki responsab jesyon aktivite bato lopital-la fè konnen, nesesite pou USNS CONFORT rete ann Ayiti, diminye anpil-anpil nan semen ki pase-yo, nan moman enstalasyon medikal ki sou teren-an kòmanse jwe yon pi gwo wòl nan travay pou fè Ayisyen-yo jwenn swen-sante.

Daprè responsab yo toujou, pandan 10 premye jou missyon bato Lopital-la Anayiti, pèsonel militè e sivil li-yo te trete 540 suvivan ki te blese gravman.

Manm ekip medikal-la te ede an tou 871 moun, yo te resevwa yon malad chak 6 a 9 minut, e yo fè 843 operasyon. Bato lopital USNS Confort pase an tou 7 semèn sou kòt peyi d'Ayiti; li genyen pou l rive nan pò-datach-li nan vil Baltimore, nan eta Maryland, Dimanch kap vini la-a.

XS
SM
MD
LG