Accessibility links

Breaking News

American Airlines Kontan Reprann Vol Sou Ayiti


Konpayi aeryen American Airlines ki gen 39 van depi lap travay ann Ayiti eksprime satisfaksyon poutèt li retounen sou mache Ayisyen-an apre katastwof mwa Janvye pase-a.

Pandan yon konferans de près jodi Madi a, yon responsab fè konnen konpayi a te fè anpil jefo pou'l te ka rekomanse fonksyone Anayiti.

Konpayi Amerikèn nan fè konnen li envesti $650,000 ke li bay gouvènman Ayisyen an pou ede rebati ayeropo Potoprens la, ki te andomaje pandan tranbleman de tè 12 Janvye a.

"Mache Ayisyen an se youn pami 2 mache pi enpotan nou genyen nan Karayib la," yon responsab American Airlines deklare.

Konpayi a fè konnen li gen entansyon kontinye travay sere sere ak kominote Ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG