Accessibility links

Breaking News

Kay An Beton Ki Fele Nan Tranblemann'tè a Pral Pase Nan Demolisyon


Enjenyè etranje ap pote-kole ak kòlèg ayisyen yo pou detèmine ki bilding moun ka rete ladan yo ou non, apre tranblemann'tè 12 Janvye pase a.

Lyetnan-Kolonèl ameriken John Blackwell, yon achitèk, fè konnen prensipal objektif pwogram evalyasyon sa a se jwenn kote pou reloje moun ki pèdi kay yo e kap viv kounye a nan zòn Channmas la, nan Pòtoprens.

"Depi lento, travès ak poto-kolòn kay la fele, kay sa a pa bon pou moun rete...Sa vle di: kay sa a ap jwenn katon wouj". Eksplikasyon enjenyè-fòmatè Cherime Cherilhomme.

XS
SM
MD
LG