Accessibility links

Breaking News

Diyaloge Ak Etazuni: Reskape Yo Mande Kote Ed ONG Yo?


Pwogram Lib Tribun nou an te dewoule depi Azil Komunal katye Sen Martin an nan Potoprens, 24 Fevriye 2010. Azil sa a gen 2,752 moun ladann. Gen 7 moun ki mouri (5 fi ak 2 gason) nan tranbleman de te 12 Janvye a.

Pi fo pami rezidan ki te patisipe nan pwogram nan fe konnen yo bezwen swen medikal, konsey psikolojik, medikaman, manje, dlo ak tant.

Sinistre yo souliyen le lapli tonbe yo pe paske lapli a konn monte nan nivo kabann malad yo.

Enfimye Jean Anilus ki travay kom volonte nan azil la di nou li konstate gen anpil moun ki resevwa medikaman san okenn kontwol - malgre yo kapab alejik a medikaman sa yo oubyen yo two fo pou yo. Li di youn nan pi gwo bezwen yo se asistans dokte oubyen pwofesyonel medikal ki kapab konsulte malad yo epi swaye yo komsadwatet.

Envite nou yo: Nan Washington, Dr. Gyslaine Fougy - psikolog, nan Miami Dr. Jean Claude Degranges.

Konsey Prensipal Dr. Fougy:

1. Chache swen kay dokte oubyen psikyat si wap fe fas ak sa yo rele PST (chok moun konn subi apre yon evenman katastwofik.

2. Kole tet ansanm pou fome gwoup kominote, chache yon lide pou defann entere gwoup la

3. Suiv de pre moun ki montre sentom depresyon, twoub psikolojik, kochmar.

4. Se pou youn ede lot Anayiti - bliye afe klas sosyal la.

5. Lide relije yo ta dwe pran sinistre yo an chaj, jwenn mwayen pou ede yo, pa blame yo


Konsey Prensipal Dr. Degranges:

1. Bwe dlo pwop

2. Manje byen

3. Chache yon tant pou epaye'w pandan sezon lapli a

4. Veye kondisyon tankou tansyon ak maladi suk puiske sa kapab vinn pi grav akoz stres moun subi pandan e apre tranbleman'd te a.

5. Fok ta gen asosyasyon komunal pou kowodine ed pou sinistre yo, epi asure ke tout moun ki nan bezwen jwenn asistans ki disponib.

6. Nan nivo gouvenman: Fok gen diyagnostik bzwen, diyagnotik kontrent yo, diyagnostik kapasite yo

XS
SM
MD
LG