Accessibility links

Breaking News

Ayiti Onore Dimanch Memwa 75 Polisye Ki Peri Nan Tranblemann'tè a


Polis Nasyonal Ayiti a rann yon omaj dimanch bay polisye ki pèdi lavi yo e blese nan trajedi 12 janvye a. Direktè-jeneral enstitisyon an, Mario Andrésol, chante lwanj pou kouraj polisye ki anrejistre pèt ou ki viktim yo-menm nan kataklism nan e ki te kontinye egzèse devwa yo anvè konpatriyòt ayisyen yo.

Nou ka koute repòtaj Rotchild François jr. sou tèm sa a sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la. Nan menm korespondans sa a tou, jounalis François fè konnen yon gwo responsabtwoup ameriken ki ann'Ayiti yo vizite kèk vil ki te viktim nan tranbleman de te mwa pase a.

NB: Pou lòt devlopman nan peyi Dayiti, nou ka fè yon "klik" nan kolòn ki agoch paj-wèb sa a sou diferan pwogram nou ofri pou jounen an. Apre, nou ka klike sou sikonferans ble ki gen imaj mikwo a ladan li an pou nou koute edisyon nou ta renmen tande a.

XS
SM
MD
LG